
Marie, 32 zan, Pòtoprens Mwen se Marie, manman de pitit. Pandan 8 ane, mwen te viv ak pè ak silans, m’ap sibi kou ak imilyasyon nan men mari m’. Chak fwa mwen te vle kite l’, fanmi m’ te di m’ 'sipòte pou pitit ou'. Nan mwa janvye pase a, li te bat mwen sitèlman fò, mwen te oblije ale lopital. Lè mwen pote plent, lapolis di m’ pou m’ regle sa ant nou. Jodia, mwen reklame jistis pou tout lane soufrans sa yo. Mwen pa vle pitit fi m’ yo grandi ak panse se yon bagay nòmal. Nou pa dwe tolere vyolans sou fanm! 1️⃣ Vyolans pa lanmou! Yon fanm sou chak twa sibi vyolans lakay li. Nou dwe pale, nou dwe aji! Soutni Marie epi tout fanm ki di NON ak vyolans! #NouPaPÈ #JustisPouFanm #StopVBG 2️⃣ Lapè pa fèt nan silans! Pandan 8 ane, Marie te viv ak soufrans an silans. Jodia, li leve vwa li pou di NON ak vyolans! Tout fanm merite sekirite ak respè. Ann mete men! #VyolansSeKrim #PwotejeFanm 3️⃣ Lapolis, lajistis—Nou bezwen nou! Lè fanm yo viktim, yo pa dwe jwenn endiferans, yo dwe jwenn soutyen ak jistis! Ann egzije aksyon pou Marie epi tout fanm ki mande sekou. #JistisPouMarie #NouPaSipozeSoufri
Commentaires